Return to the NCHR Homepage

 

Kowalisyon pou Defann Dwa Ayisyen ap mande Prezidan ayisyen nan pou li defann dwa timoun ayisyen jan li te pwomèt la

Nan yon reyinyon ki te fèt ak Prezidan Jean-Bertrand Aristide nan fen mwa d Avril la, prezidan an te anonse gouvènman l lan ta pral eseye mete yon nouvo lwa sou pye kont moun ki fè timoun abi. Li te pwomèt tou li ta pral ofri bous pou timoun ki travay byen lekòl. Li te fè yon apèl tou pou mande respè pou timoun ki mennen vi yo nan lari ak timoun k ap travay kay moun.

Malgre nou aplodi jefò gouvènman an ap fè pou defann dwa timoun, Kowalisyon Nasyonal pou Defann Dwa Ayisyen (NCHR) ap deklare plan sa a manke anpil pou l ta sèvi nan yon deba serye sou defans dwa timoun. Nan yon lèt li ekri prezidan ayisyen an, Direktè egzekitif òganizasyon an Mesye Jocelyn McCalla di prezidan an “Gouvènman ou lan kapab kontinye fè sa lòt gouvènman avan yo te abitye fè oubyen li kapab mete yon fen nan sa, si gouvènman an pran anchaj pou li anrejistre tout timoun ki fèk fèt tout kote nan peyi a epi pou yo kenbe dosye yo byen. NCHR fè konnen gen plizyè milyon Ayisyen ki lage tankou moun ki san peyi akòz neglijans gouvènman an ak enkonpetans li.

Mesye McCalla ajoute “Dezyèmman, gouvènman Ayisyen an ta dwe mete yon gwo kanpay serye ann aksyon pou yo elimine keksyon timoun ka moun nan. Kon sa gouvènman ayisyen an ap mete l odyapazon ak mouvman pou elimine sistèm restavèk la k ap fèt toupatou sou latè ann espwa pou pwoblèm sa a elimine distans ane 2015”. Pou jounen jodi a gen apeprè 300,000 timoun yo rele “restavèk,” ann Ayiti k ap travay ka moun kòm domestik. An jeneral se timoun sa yo ki gen reskonsablite pou yo kuit manje, netwaye kay, okipe timoun, al bwote dlo, al nan mache pandan menm timoun sa yo pa gen okenn tan lib regilye. Anpil fwa yo kale yo di oswa yo fè yo tout kalite mechanste. Si yo ta vle defann dwa yo oswa yo pa itil nan kay la ankò, yo lage yo nan lari kote y al chache lavi. An jeneral yo pa jwenn anpil pwoteksyon nan men leta. Sistèm “rèstavèk” sa a, lalwa ann Ayiti ak koutim peyi a tolere a, toujou rete youn nan senbòl esklavaj ki pi dire nan peyi a, malgre Haiti toujou ap vante tèt li kòm youn nan premye peyi ki te wete tèt li nan esklavaj.

Finalman, NCHR gen enfòmasyon Ayiti gen plan pou l patisipe nan reyinyon espesyal Asanble jeneral nan Nasyonzini sou zafè dwa timoun, ki gen pou l fèt nan Nouyòk an Septanm pwochen. NCHR sijere omwen fò Ayiti ta prezante “yon plan travay byen detaye sou kesyon sa a, tout moun ap pale de li a, epi sa ap lanse yon siyal serye pou sispann tout bèl pwomès ki te konn abitye fèt anvan yo.”

Kowalisyon Nasyonal pou Defann Dwa Ayisyen se yon òganizasyon non-gouvènmantal ki pa dèyè fè kòb. Wòl li se ankouraje epi pwoteje dwa refijye ayisyen ak Ayisyen Ameriken dapre lwa ameriken yo, avek lwa entènasyonal yo, pou l vanse respè pou dwa moun, leta de dwa, ak sipò pou sosyete sivil ak sosyete demokratik nan peyi d Ayiti.

Pour jwenn plis enfomasyon, rele Jocelyn McCalla oubyen Merrie Archer nan (212) 337-0005 oswa nan emel a jmccalla@nchr.org

 

RESTAVÈK PROJECT
INFORMATION:
  Campaign Overview
  Introduction
  Definition
  Rights of the Child
  Where is Your Grown-up?
  How You Can Help
  Children of Shadows - 54-min documentary
  Defensora de la libertad
FROM THE ARCHIVES:
  Restavèk No More: Eliminating Child Slavery in Haiti - NCHR Report - April 18, 2002
  State Party Report - Haiti to the UN with Respect to the Convention on the Rights of the Child Submitted in 2001
  Ti Saintanise - restavèk story in Creole by Maurice Sixto
NCHR Urges Haiti President to Fullfill Promises on Children's Rights
  Restavèk: Four-year-old Servants in Haiti - Haiti Insight Dec '96 / Jan '97
RELATED EXTERNAL LINKS:
   Join NCHR in the March for Children's Rights
  Organizations
  Articles and Books


Subscribe to our "restavèk" discussion group

 

Home | About NCHR | Privacy Policy | Contact Us

©2002 NCHR -- ALL RIGHTS RESERVED -- Last updated: 01 May 2007