Return to the NCHR Homepage

 

Presyon pou Chanjman

Sa yo se kèk egzanp kek inisyativ tou nèf k’ap fèt ak kolaborasyon lòt patnè WITNESS k’ap mete presyon pou mete yon fin a depòtasyon abitrè, ni sou kou sa yo de “moun yo sispèk ki Ayisyen” k’ap viv nan Repiblik Dominikèn.

 

Nan tribinal Entè-Ameriken pou Dwa Moun

Patnè WITNESS nan Kowalisyon Nasyonal pou Defann Dwa Ayisyn ak Klinik Legal ki nan Inivèsite Columbia ak Sant pou Jistis ak Lwa Entènasyonal (CEJIL) ak Klinik Enstiti Berkeley pou Dwa Moun, depoze yon plent lajistis nan lane 2000, kote yo mande pou Komisyon Entè-Ameriken nan ba yo yon seri de pwosede de Tribinal Entè-Ameriken pou Dwa Moun. Pwosede sa yo mande pou gouvènman Dominiken an sispann depòte Ayisyen ak moun ki desandan Ayisyen anmas; yo mande espesyalman pwoteje 7 moun ki te nan wout pou yo depòte. Jou ki te 16 jwen, 2000, tribinal la bay lòd pou yo òganize yon seyans nan San Jose, Kostarika jou 8 dawout lan, nan seyans sa yo va tande plent oral pou kore oubyen denonse demand komisyon an pou yon pwosede tanporè ak pou pwoteje moun yo.

Nan seyans 8 dawout la devan Tribinal Entè-Ameriken pou Dwa Moun, Komisyon Entè- Ameriken pou Dwa Moun te prezante temwen, plent oral ak yon videyo ki dire 14 minit devan tribinal la, tit videyo a sete: “El Apartheid del Caribe”, ki vle di “Apatèd nan Karayib la” se Klinik Dwa Inivèsite Columbia ansanm ak WITNESS ki fè videyo sa.  Komisyon te montre jan gouvènman Dominiken an vyole Atik 22 (9) Konvansyon Ameriken nan ki defann depotasyon anmas etranje. Komisyon an diskite jan yo fè anmas sa yo, gen lòt vyolasyon ki toujou fèt.  Nan kondisyon sila men ki atik yo vyole: Atik 22 (5), ki defann depòtasyon sitwayen ki rive apre depòtasyon rasis sa yo; atik 8 (1) ki tabli dwa pwoteksyon jidisyè.

Jounen ki te 18 dawout la Tribinal Entè-Ameriken pou Dwa Moun (TEADM) te bay desizyon li, kote li te di fòk gouvènman Dominiken an sispann depòte moun ki te fè pati de plent ki te devan Komisyon an. Li bay lòd ki pale de moun yo te site non an nan plent sa yo te depòte oubyen mete deyò, ak yon panchan espesyal sou sitiyasyon fanmi ak timoun. Finalman tribinal la mande tou de pati yo rapòte ba li sou kondisyon prezant ki egziste nan Repiblik Dominikèn an e sou fason y’ap vanse pou mete sou pye desizyon yo.

Fason gouvènman Dominiken an kominike, ta vle di yo sere koze, Komisyon an mande yo pou yo vide vant yo. Premye mas, 2001 Komisyon Entè-Ameriken  pou Dwa Moun ki chita nan Washinntonn D.C. a resevwa enfòmasyon de sitiyasyon nan yon seyans  prive. Temwayaj ki te soti nan seyans sa tabli yo te depòte 4,000 moun nan ilegalite nan Repiblik Dominikèn nan mwa Janvye 2001. Yo denonse gouvènman Hipolito Mejia a pou fason li active depòtasyon kolektif sa yo depi li monte sou pouvwa nan mwa dawout ane pase a. Nan seyans sa, yo te karakterize fason yo ekspilse ------ tankou ---diskriminasyon, abitrè, moun nwa yo ta sispèk ki Ayisyen, yon fason------------- ki fè fanmi separe.

 

RESTAVÈK PROJECT
MASS EXPULSIONS AND DEPORTATIONS:
  Overview
  Full Report
  Primiere Screening of Expelled, a documentary
  Expelled: Press Release
IACHR CASE AGAINST THE D.R.
  Backgrounder
  IACHR Decisions
  Dominican Government Formalizes Agreement with IACHR
  Text of Accord - Acta de Entendimiento
RELATED INFORMATION:
  CEJIL: Comunicado de prensa
  Inter-American Commission on Human Rights Report: Situation of Haitian Migrant Workers and Their Families in the Dominican Republic
  Related Links
WHAT YOU CAN DO:
  Lèt model si ou vle ekri preziden ayisyen an oswa preziden dominicain nan
Presyon pou Chanjman
  Depozisyon
  Sample Letter to President Aristide
  Sample Letter to President Mejía

Home | About NCHR | Privacy Policy | Contact Us

©2002 NCHR -- ALL RIGHTS RESERVED -- Last updated: 01 May 2007